Estati Pwoteksyon Tanporè (TPS) se yon estati tanporè imigrasyon ameriken ki etabli atravè yon lwa Kongrè bipatit (Lwa 1990 sou Imigrasyon an) ke Depatman Sekirite Enteryè (DHS) bay rezidan elijib peyi k ap sibi yon katastwòf anviwònmantal, konfli ame oswa kondisyon ekstrèm. Moun ki gen TPS yo resevwa yon pèmi travay ak pwoteksyon kont depòtasyon pou 6, 12 oswa 18 mwa alafwa, epi Sekretè Sekirite Enteryè a ka pwolonje TPS la nan limit 60 jou apre dat ekspirasyon an selon kondisyon aktyèl peyi konsène a.
Peyi sa yo gen deziyasyon TPS aktyèlman*:
*Sa yo ka chanje. Tanpri verifye sitwèb USCIS la ak tablo CLINIC la souvan pou jwenn dènye enfòmasyon yo.
**Lis plis enfòmasyon sou lòd Ramos la ak sou Ramos v. Nielsen, pi ba a.
***Liberya benefisye yon pwoteksyon kont Depa Fòse Repòte (DED) k ap fini 30 mas 2020
Malerezman, Administrasyon Trump la ak DHS sispann TPS pou Nepal, Ondiras, Gine, Liberya, Syera Leyòn, Èl Salvadò, Ayiti, Nikaragwa ak Soudan. Sepandan, poutèt pwosè nan lajistis ke benefisyè TPS yo te antame e ki te benefisye desizyon favorab, Administrasyon an te oblije pwolonje TPS pou Èl Salvadò, Ayiti, Nikaragwa ak Soudan. Yo te pwolonje TPS tou pou Siri, Yemenn ak Somali men yo pat deziyen okenn nan peyi sa yo ankò, sa vle di ke nouvo moun k ap soti resaman nan peyi sa yo ki poko gen TPS, pa elijib pou aplike pou TPS malgre konfli aktyèl ki gen nan peyi dorijin yo.
Nan mwa oktòb 2018 la, yon jij distri federal nan Kalifòni ranvwaye tanporèman sispansyon pwoteksyon TPS Administrasyon Trump la pou imigran ki soti Èl Salvadò, Ayiti, Nikaragwa ak Soudan. TPS pou peyi sa yo te fikse pou l ekspire nan otòn 2018, men kounye a DHS anonse yon pwolongasyon TPS pou jiska 2 janvye 2020. Kidonk, dat ekspirasyon aktyèl yo pou Èl Salvadò, Ayiti, Nikaragwa ak Soudan se:
Kòm rapèl, sa a se sèlman yon delè tanporè pou Èl Salvadò, Ayiti, Nikaragwa ak Soudan jiskaske jij la rann yon desizyon final sou pwosè ki konteste desizyon Administrasyon an pou l elimine pwoteksyon sa yo.
Li enpòtan, nan tan ensèten sa yo, pou moun ki elijib pou re-enskri pou TPS yo fè sa pi vit posib. Ou ka jwenn yon gid pou re-enskripsyon etap-pa-etap, la a. Ou ka jwenn yon gid pou re-enskripsyon etap-pa-etap, pi ba a. Pandan tan sa a, defansè yo pral kontinye konvenk Kongrè a pou l itilize pouvwa l pou jwenn yon solisyon pèmanan pou tout moun ki gen TPS yo, kit enjonksyon an vize yo, kit li pa vize yo.
Chak fwa yo rezilye TPS oswa yo pwolonje l pou yon peyi yo deziyen, benefisyè TPS ki soti nan peyi sa a fèt pou yo re-enskri si yo ta renmen kenbe estati TPS la. Jeneralman, anplis de re-enskripsyon an, benefisyè TPS yo fèt pou reyaplike pou Dokiman Otorizasyon Travay yo, oswa EAD yo, pou yo ka kontinye travay legalman Ozetazini jiskaske TPS yo a ekspire.
Premyèman, verifye si fenèt re-enskripsyon an aktyèlman ouvri pou TPS pou peyi w la. Pou fè sa, ale sou paj TPS USCIS la a, epi seleksyone peyi w la sou bò goch paj la pou jwenn direktiv.
Pou kounye a, peryòd re-enskripsyon pou tout peyi TPS yo fèmen. Sepandan, si w pat re-enskri epi TPS la toujou aktif pou peyi w la, swiv etap sa yo pou w re-enskri:
*Si ou soumèt aplikasyon re-enskripsyon TPS ou a anreta, yo ka retade tretman aplikasyon w lan e sa ka lakoz yon enteripsyon nan otorizasyon travay ou a.
Ti Konsèy: Pa klipse dokiman aplikasyon w lan ansanm. Li rann li pi difisil pou pwosesis analiz la epi USCIS ka menm rejte aplikasyon w lan poutèt sa. Itilize twonbòn [klips papye] pito.
Apre ou fin analize epi w fin reverifye aplikasyon w lan pou wè si tout bagay kòrèk, ou pare pou voye l ale pa lapòs bay USCIS pou yo travay sou li. Adrès postal pou voye aplikasyon an depannde peyi kote w soti a ki te resevwa deziyasyon TPS la.
Ou ka verifye sou sitwèb USCIS la la a pou w konnen ki kote pou w poste aplikasyon w lan. Kou w rive sou sit la, sou bò goch anba TPS, seleksyone peyi w la. Kou w rive sou paj peyi ou seleksyone a, desann pou w ale nan “Kote pou w Voye Aplikasyon an [Where to File]” epi klike seksyon an pou louvri l e pou wè adrès postal ki kòrèk la pou voye aplikasyon w lan.
Ti Konsèy: Nou konseye pou w poste atravè yon kourye priyoritè ki gen yon nimewo verifikasyon ki pèmèt ou swiv li. Anvlòp ki gen pri fòfetè Kourye Priyoritè USPS yo ekselan pou sa.
Si TPS ou ekspire epi ou pa elijib pou re-enskri, w ap retounen nan estati imigrasyon ou te genyen anvan w te jwenn TPS la. Pa egzanp, si ou te antre nan peyi Etazini san enspeksyon epi ou pa elijib pou yon lòt fòm pwoteksyon imigrasyon, ebyen gen chans ke ou ka retounen gen yon estati san papye epi yo ka depòte w. Ou ta dwe konsilte yon avoka imigrasyon, yon òganizasyon sèvis legal, oswa reprezantan ki gen akreditasyon DOJ, pou gide w epi pou l byen egzamine ka w la pou wè si w kalifye pou yon lòt fòm pwoteksyon. Ou ka jwenn yon òganizasyon toupre w ki ka ede w avèk sa. Ou kapab itilize tou zouti imigrasyon an pou tcheke si w elijib pou lòt fòm pwoteksyon imigrasyon.
Si TPS ou ekspire epi ou elijib pou re-enskri, DHS ka otomatikman pwolonje EAD (Dokiman Otorizasyon Travay) aktyèl ou a pou l konsidere tan li pran pou soumèt epi trete aplikasyon -re-enskripsyon w lan. Nou konseye w pou re-enskri osito fenèt re-enskripsyon pou peyi w la louvri.
Kit ou kalifye pou yon lòt fòm pwoteksyon imigrasyon, kit ou pa kalifye, ou ta dwe monte yon plan preparasyon familyal pou prepare nou pou divès senaryo ki ta ka prezante. Ou ka jwenn gid yo la a. Ou kapab tou fè pratik pou w konn dwa w yo epi pou w montre fanmi w dwa yo tou. Ou ka jwenn videyo ak gid yo la a.
Pèmi travay ou a valid jiska dat ekspirasyon ki sou dokiman otorizasyon travay la. Si TPS ou ekspire men ou elijib pou -re-enskri, DHS ka otomatikman pwolonje EAD aktyèl ou a pou l konsidere tan li pran pou soumèt epi trete aplikasyon re-enskripsyon w lan.
Si yo sispann TPS pou peyi w la epi ou pa elijib pou renouvle li, ou pap ka renouvle pèmi travay ou a anba TPS.
Ou ka elijib pou yon lòt fòm pwoteksyon imigrasyon si w genyen oswa si w te genyen TPS. Ou ta dwe konsilte yon òganizasyon,yon avoka imigrasyon, oswa yon reprezantan ki gen akreditasyon DOJ pou analize ka w la, kòm ka chak moun inik epi ka gen plizyè opsyon. Ou ka jwenn yon òganizasyon toupre w ki ka ede w avèk sa. Lyen tou pou Zouti imigrasyon la a.
Estati yon sitwayen ameriken pa afekte si TPS paran l ekspire. Sepandan, yo ka sibi enpak emosyonèl oswa finansyè si yo fòse yon paran kite peyi Etazini. Si oumenm oswa yon manm fanmi w gen TPS, se yon bon ide pou fè yon plan familyal ki gen ladan l aranjman pou vwayaj, aranjman finansyè ak aranjman pou gad timoun ou yo, pou si w ta dwe demenaje oswa si w ap fè fas ak lòt sikonstans. Ou ka jwenn gid planifikasyon preparasyon familyal la a. Lè w fè yon plan, sa ap ede oumenm ak moun ki pwòch ou yo santi nou pi prepare epi pi ansekirite, kèlkeswa sa k rive a.
Si w gen Facebook epi w ap chèche yon resous senp, Working Families United kreye yon zouti itil ki gen enfòmasyon sou peyi ki gen deziyasyon TPS ki deja pase oswa ki aktyèl.
Peyi sa yo gen deziyasyon TPS aktyèlman*:
*Sa yo ka chanje. Tanpri verifye sitwèb USCIS la ak tablo CLINIC la souvan pou jwenn dènye enfòmasyon yo.
**Lis plis enfòmasyon sou lòd Ramos la ak sou Ramos v. Nielsen, pi ba a.
***Liberya benefisye yon pwoteksyon kont Depa Fòse Repòte (DED) k ap fini 30 mas 2020
Pou verifye dat sa yo nan Rejis Federal ofisyèl la, ale sou FederalRegister.gov epi chèche “TPS” ak non peyi w la (egzanp “TPS Nikaragwa [Nicaragua]”). Anplis, CLINIC kenbe yon tablo aktyalize deziyasyon TPS yo ak dat ekspirasyon ki koresponn yo.
Moun ki gen TPS yo ki vle vwayaje andeyò peyi Etazini dwe aplike dabò pou yon bagay yo rele otorizasyon preyalab tanporè pou vwayaje (advance parole travel authorization). Ou kapab aplike pou li avèk Fòmilè I-131 epi soumèt li ansanm avèk fòmilè I-821 oswa separeman baze sou yon aplikasyon pou I-821 ki annatant oswa ki apwouve.
Sepandan, anvan w deside kite peyi a, ou dwe konsilte ak yon avoka imigrasyon oswa yon reprezantan ki gen akreditasyon DOJ konsènan risk ki genyen pou vwayaje avèk yon otorizasyon preyalab tanporè avèk tou posibilite ki genyen ke yo ka kreye yon ajisteman nan estati elijibilite w baze sou estati w pou retounen nan peyi Etazini sou otorizasyon tanporè
Thank you for your feedback. Your submission has been successful.